Classé dans | EDITORIAL

Lapriyè kanpay la

Publié le 11 décembre 2013 par webmaster

‘’YON SEL FANMI, TOUT MOUN JWENN MANJE/ GEN MANJE POU TOUT MOUN’’

Granmèt Bondye nou,  ou ba nou tout byen kreasyon an pou nou kapab pran swen tè a epi bay tèt nou manje gras a jenerozite l.

Ou voye sèl grenn pitit gason w lan pou l te vin fè l moun tankou nou epi pou aprann nou lalwa renmen w lan. Gras a lanmò l ak rezirèksyon l, nou vin tounen yon sèl fanmi

Jezi te konn pran ka sila yo ki pa genyen anyen pou yo manje. Se konsa li te fè ‘’5 pen ak 2 pwason’’ tounen yon pakèt manje  ki te plen vant plis pase 5 mil moun.

Men nou devan w ,Granmèt Bondye nou, ak tout feblès, peche ak erè nou yo, men nou plen ak lespwa pou nou pataje manje a ak tout manm gwo fanmi sa a.

Nan sajès/ bon konprann ou, tanpri ede  chèf gouvènman yo ak reskonsab konpayi yo epi tout sitwayen sou tè a jwenn  solisyon ki kòrèk epi ki chita sou solidarite  pou fini ak koze grangou a, etan  y ap asire yo tout pèp sou tè a gen dwa pou yo manje.

Konsa, n ap lapriye w, Bondye Gran Mèt nou, pou lè nou va rive devan w, n a kapab tankou ‘’yon sèl kòt fanmi’’ kote ‘’ tout moun jwenn manje’’, pa pouvwa Jezi Kri sovè nou an.

AMEN

 

Ecrire un commentaire

Advertise Here

Photos via notre Flickr

Voir toutes les photos

Advertise Here