Archive | GRAND’ANGLE

Mesaj final

Publié le 08 mars 2013 par webmaster

Nou menm, 103 delege ki soti nan 8 dyosèz ak biwo nasyonal Caritas nan peyi Dayiti, nou te reyini nan  sant Pred – Caritas nan zòn Leyon, yon lokalite nan depatman Grandans lan, nan okazyon 28èm Asanble Jeneral nou sou tèm : “ Nan renmen ak lafwa, an n travay ak Caritas pou yon lòt Ayiti”.

2. 28èm Asanble Caritas la, reyalize nan yon kontèks espesyal :

a. Elaborasyon nouvo plan estratejik li pou 5 lane kap vini yo ( 2012 – 2017). Plan sa a pra l egzekite apati plan operasyonèl anyèl k ap ranmase tout aktivite Caritas.

b. Ouvèti lane lafwa. “Se yon lane Pap Benwa XVI mande pou tout moun chèche dekouvri epi fouye pi fon lafwa yo genyen nan Jezikri, ki se sèl Sovè nou. Se Sovè tout bon vre sa a ki te vin rale nou soti nan twou san fon peche a.  Nan non lafwa nou nan Jezikri ki mouri epi ki leve byen vivan pou nou kapab gen lavi, nou pa kapab pa pale devan degradasyon kalite lavi Pèp nou an” (Mesaj evèk yo nan dat 28 sektanm 2012 la).Nan mesaj li te voye pou Asanble a, Monseyè Dumas, Prezidan Caritas Ayiti a, te envite tout ajan pastoral yo renouvle tèt yo nan lafwa ak lacharite nan lide pou ranfòse idantite yo e apwofondi sans vokasyon yo ak misyon yo.

3. Nan ouvèti Asanble nou an, jou ki te 7 oktòb la, nou te ofri Bondye Granmèt la travay nou nan lamès. Nan mesaj li, Monsèyè Aris te entèvni sou tèm asanble a pou te ede delege yo apwofondi li.

4. Chak jounen travay nou te komanse avèk lamès. E nan jou ki te jedi 11 oktòb la, nou te louvri lane lafwa ak kominote Leyon an, nan pawas Sen Pòl. Predikatè mès la,  Pè Mizalye, te raple kòman lafwa a dwe makonnen ak aksyon …epi enpotans lapriyè nan lavi ajan pastoral yo. San Bondye, nou pap kab fè anyen.

5. Jou ki te mèkredi 10 la, tout delege yo te gen chans vizite yon reyalizasyon Caritas dyosèz Jeremi nan pawas Jan Belin ak yon sit touristik nan depatman Grandans la (gwòt Bellony). Devan potansyalite depatman Grandans la ak tout peyi a an jeneral, Caritas Ayiti deside kontinye ankouraje pwodiskyon ak konsomasyon lokal antan lap fè bon jan pwomosyon kilti peyi a;

6. Yon lòt bò, delege 28èm asanble Caritas Ayiti yo konstate sitiyasyon peyi nou an ap degrade pi plis chak jou Bondye mete. Degradasyon sa a fèt nan tout nivo : politik, sosyal, ekonomik, kiltirèl, elatriye. Nan travay l ap fè bò kote moun ki pi pòv yo nan peyi a, Caritas Ayiti kwè zafè devlopman total kapital moun nan dwe tounen yon reyalite. Pou sa, Caritas Ayiti, ki se yonn nan zouti pastoral legliz katolik, deside ranfòse travay animasyon/louvri je ak edikasyon sivik l ap fè sou teren an depi 37 lane. Pou sa, la p kontinye travay pledwaye pou respè dwa tout moun e ranfòse kapasite tout ajan pastoral li yo , k ap travay nan plis pase 300 pawas nan peyi a, pou yo tounen animatè toutbon vre;

7. Nan lide pou ranfòse tèt li, Caritas Ayiti te pran tan, nan asanble a, pou analize travay li te fè pandan lane 2011 – 2012 la. Uit (8) Caritas dyosèz yo ak biwo nasyonal te prezante rapò aktvite asanble a te diskite epi valide. Aksyon Caritas yo resevwa bonjan akèy nan mitan kominote l ap akonpaye yo. Caritas merite tou amelyore jan l ap travay pou reponn pi byen ak reyalite yo;

8. Nan lide sa a, Asanble a, te reflechi sou plizyè tèm, tankou devlopman total Kapital moun, devlopman dirab, kooperasyon ak patenarya.

a. Travay devlopman total kapital moun nan, se yon vokasyon. Li mande volonte ak angajman. Moun se potomitan, moun se motè devlopman;

b. Koze devlòpman dirab la ap pale depi 20 lane. Caritas Ayiti te gen okazyon patisipe nan gwo woumble ki te fèt nan peyi Brezil sou koze sa. Delege 28èm asanble a deside kontinye travay pou devlopman dirab la tounen yon reyalite;

c. Pou sa, Caritas Ayiti, pap ka travay pou kont li, lap kontinye tabli bon jan paternarya ak kooperasyon ak lòt aktè sou teren an. Kooperasyon sa yo dwe chita sou valè ak prensip doktrin sosyal Legliz la ak limyè Levanjil la, kote moun nan dwe gen premye plas.

9. Twa tèm sa yo, se gid pou ateri nouvo plan estratejik Caritas Ayiti a pou 2012 – 2017 pi byen, espesyalman premye plan operasyonèl  2012 – 2013 la.

10. Plan travay sa chita sou 3 pwogram :

a. Yon pwogram jesyon riks ak dezas;

b. Yon pwogram Devolpman nan domèn lasante ak nitrisyon, dlo potab ak asenisman, agrikilti, anvironman ak lapèch, konstriksyon kay ak lòt kalite batiman, pwoteksyon sosyal, ekonomi solidè;

c. Yon pwogram devlopman enstitisyonèl ki gen ladan l : kominikasyon, finans ak administrasyon, ranfòsman Caritas pawasyal, elatriye;

d. Finalman kèk aks transvesal tankou : anviwònman, kominikasyon, egalite chans ant fi ak gason, jesyon risk ak dezas.

11. Asanble a travay sou plan sa a epi valide tout travay ki planifye pou 2012 – 2013 la ak bidjè Caritas Ayiti genyen pou l fonskyone pandan lane a.

12. Tout delege yo felisite epi remesye tout ekip Caritas dyosèz Jeremi an, pou bonjan akèy yo bay 28èm asanble jeneral la. Na p pwofite pou nou di yo ankouraje, nan travay devlopman ak animasyon ya p fè nan depatman Grandans la.

13. Pou fini, nap raple mesaj Direktè Jeneral Caritas la, Pè Chadic, pou asanble a.

“Depi  37 lane, Caritas Ayiti ap amelyore kondisyon lavi moun yo sitou sa ki pi pòv yo. Chak  jou, Caritas ap tradwi doktrin sosyal legliz la nan reyalite lavi moun la p akonpaye yo. Caritas ap travay pou tabli plis jistis ak solidarite sou latè.  Nou pa swete ni nou pa vle lamize nan peyi nou… Lanmou Bondye – Caritas – ap toujou nesesè menm nan yon sosyete ki jis. Nan sans sa a, Caritas Ayiti renouvle angajman l pou l kontinye akonpaye kominote yo nan travay pou devlopman total kapital moun. Ann kontinye mache sou chemen Lesperans la”.

NAN RENMEN AK LAFWA, ANN TRAVAY AK CARITAS POU YON LÒT AYITI !!

Jou ki te 12 oktòb 2012, pawas Medaille Miraculeuse, Jeremi

Commentaire (0)

caraibes1

L’archidiocèse de Port-au-Prince et Caritas Allemagne, Ensemble pour Léogane

Publié le 08 mars 2013 par webmaster

L’archidiocèse de Port-au-Prince et Caritas Allemagne préparent des mains-d’œuvre pour la reconstruction du pays. Coup de projecteur sur une école professionnelle implantée à Léogâne, épicentre du séisme qui a ravagé certaines villes des départements de l’Ouest du Sud-est.

L’Archidiocèse de Port-au-Prince et Caritas Allemagne veulent former en l’espace de trois ans 300 jeunes techniciens au moins. Le partenariat entre les deux Institutions prend la forme d’une école professionnelle: le Centre catholique de formation et de production de Léogâne (CCPFL). Au cours d’une messe qu’il a présidée, son Excellence Mgr. Guire Poulard, Archevêque Métropolitain de Port-au-Prince, a inauguré la mission de la nouvelle équipe qui administre cette École. C’était le 3 novembre dernier.

Cette école professionnelle implantée à Sarbousse, 5 km à l’Est du centre-ville de Léogâne, est le premier du genre et assez spéciale. Elle offre un éventail de 7 filières de formations : maçonnerie, ébénisterie, charpenterie, mécanique auto, mécanique-ajustage, électricité et plomberie. Ce projet est le résultat d’un partenariat entre l’Archidiocèse de Port-au-Prince et Caritas Allemagne qui financent son fonctionnement à compter de 2012 à hauteur de 10 % et 90 % respectivement pour les deux prochaines années,.

80 jeunes ont été accueillis en 2011 à cette institution dont le nouveau Directeur Général est le Révérend Père Louis Gabriel Blot, curé de Saint André (Dufort/Léogâne). Il succède au Père Fito Randel. Pour l’année académique 2012- 2013, 106 autres étudiants y sont admis. Les 7 domaines de formation s’étalent sur 2 ou 3 ans selon les options prises par les futurs diplômés. Leur formation sera sanctionnée par un brevet ou un diplôme technique.

LA PIERRE DE L’EGLISE CATHOLIQUE

« Une ouverture se montre, un vide socioprofessionnel vient d’être comblé », s’enthousiasme le Père Blot pour qui le CCFPL est l’un des plus grands projets réalisés dans la commune de Léogâne. « Après le séisme, une carence d’ouvriers et de techniciens réellement qualifiés dans le milieu a été constaté. Je crois que le centre arrivera à combler ce vide. C’est une chance pour Léogâne en particulier et pour le pays en général, a-t-il enchérit. C’est la pierre de l’Eglise catholique à la reconstruction dans la région. »

Le Centre est une institution catholique; le projet qu’il met en fonction, selon son Directeur, gardera les orientations catholiques et chrétiennes de départ. L’Église lie son avenir avec celui du pays.

La satisfaction des bénéficiaires de cette école est grande dans la commune de Léogâne, quasiment détruite lors du séisme de 2010. Pour être admis au CCFPL, après un concours priorisant l’excellence, le postulant doit être référé par un prêtre. D’ici 2014 la cité d’Anacaona et donc Haïti, pourra pourvoir le marché de la reconstruction des infrastructures en ressources humaines techniques bien préparées.

Commentaire (0)

Advertise Here

Photos via notre Flickr

Voir toutes les photos

Advertise Here